Skip to product information
1 of 1

Mesoamerica Discipleship Ministries

Evanjelizasyon Pou Ti Moun (Haitian Edition)

Evanjelizasyon Pou Ti Moun (Haitian Edition)

ISBN-13: 9781635801972
Regular price $11.46
Regular price Sale price $11.46
Sale Sold out
Nou pap janm kapab doute sou gwo travay evanjelis yo k'ap mennen moun vin jwenn Jezi ki se Kris la. E poutan, li bon pou nou souliye ke te deja genyen yon seri de aksyon de pi avan ev?nman evanjelistik la ki te d?j? k?manse prepare chemen an, tankou lapriy? demann yo devan Bondye pou yon moun, yon envitasyon, yon kons?y, yon bon temwayaj, etc. F?m apw?ch sa yo te k?manse itilize nan yon jenerasyon pou rive sou yon l?t, jouskaske li rive nan tan ke n'ap viv Jodi a, sa ki lakoz ke kretyen yo vin plis pwopaje toujou. Nou kw? ke b?l travay evanjelizasyon an ap pote plis fwi toujou si nou mete aksan sou sa ki mansyone anl? yo, epi anplis de sa, antan ke legliz, n'ap travay pou ke nou rive atenn li. Many?l Evanjelizasyon pou ti moun sa ofri k?k kons?y pou ede w nan gwo travay sa ki gen pou w? av?k ti moun yo. Nan sans sa a, nou tout nou rekon?t ke rezilta travay evanjelizasyon an pa baze s?lman sou ef? ke moun kapab f?; paske pi bon ef? evanjelistik yo pap itil anyen, si nou neglije ent?vansyon endispansab Lespri Sen an. Nou dwe note ke evanjelizasyon an se pa s?lman al f? disip; paske si se konsa nou ta konsidere li, nou pa t'ap diferan ke farizyen yo. Travay evanjelizasyon an gen pou w? ak prezante ti fi ak ti gason yo bay Kris la, antan ke moun ki kapab transf?me lavi yo a. Objektif evanjelizasyon an se pou ede ti moun yo av?k fanmi yo; yon fason pou ke kondisyon lavi yo kapab chanje pa mwayen pouvwa transf?masyon Jezi ki se Kris la, sa k'ap pote yon kwasans nan legliz la k?m degi. Depi yon bon bout tan, pami kretyen yo, nou kapab remake ke genyen yon rev?y ki eklate sou koze enp?tans evanjelizasyon an. Legliz la se mwayen ke Sey? a Jezi ki se Kris la te chwazi pou akonpli devwa sa. Se pout?t sa ke nou dwe mete t?t nou ansanm epi travay av?k objektif pou ke misyon evanjelistik sa kapab rive nan bout li jan sa dwe f?t la. Atrav? evanjelizasyon ak pwoklamasyon lanmou Jezi ki se Kris la, Pitit Bondye vivan an, antan ke s?l moun ki ofri limanite lavi ki pap janm fini an, pliske nou va w? chanjman an nan lavi ti fi ak ti gason yo. Nou dwe toujou genyen nan t?t nou ke levanjil la se "...pwisans Bondye pou Sali tout moun ki kw?..." (Women 1:16). Many?l evanjelizasyon sa se fwi eksperyans ak gwo travay ki f?t av?k ti moun yo. Objektif li se fasilite travay tout moun sa yo ki enterese nan misyon evanjelizasyon ti moun yo. Nou swete ke tout sa k'ap gen pou pataje yo ap pote yon gwo sip? pou moun sa yo ki santi yo motive pou pran responsablite sa ki pral yon gwo benediksyon pou legliz Kris la.


  • | Author: Rafael Serrano
  • | Publisher: Mesoamerica Discipleship Ministries
  • | Publication Date: May 26, 2021
  • | Number of Pages: 52 pages
  • | Language: Haitian
  • | Binding: Paperback
  • | ISBN-10: 1635801974
  • | ISBN-13: 9781635801972
View full details